Glencoe Health © 2007Chapter 1:
Living A Healthy LifeChapit 1 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Kòm pati pwogram akademik lan, pitit adolesan ou ap kòmanse
swiv yon kou sou lasante. Men twa (3) eleman ki fè pati kou sa: sante
fizik, sante mantal ak emosyonèl ak sante sosyal tou. Twa (3) eleman
medikal sa yo konekte ansanm epi yo fòme triyang medikal la.
Objektif kou sa a se pou ede pitit ou gen konesans ak ladrès ki nesesè pou
kreye yon triyang medikal ekilibre. Men sijè pitit adolesan ou pral etidye nan premye chapit sa a: - Sante ak Byennèt
- Pwomosyon Yon Mòvi ki bon pou Sante.
- Konpòtman ak Rediksyon Risk pou Lasante.
Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa,
pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa
yo: Mande pitit adolesan pou pou li eksplike triyang medikal la. Diskite fason
konpòtman toulejou yo afekte diferan aspè triyang medikal la. Ankouraje
pitit adolesan ou pou li jenere kesyon anrapò avèk lasante li
swete jwenn repons pandan kou sa a. Li tabmatyè manyèl sou sante
a epi diskite kote kesyon sa yo ka poze yo. Diskite sou resous nan kominote
ou pitit ou ka itilize pou fè rechèch sou sijè ki asosye
avèk lasante. Si ou ajoute Entènèt nan resous sa
yo, asire ou poze pitit adolesan ou kesyon sou divès kalite estrateji
pou evalyasyon fyabilite enfòmasyon yo ka jwenn ladan. Mwen swente kous sa a ap pwouve li se yon amizman ak yon sous enfòmasyon
pou ou ak pitit adolensan ou. Mèsi pou sipò ou bay nan travay
k ap fèt nan salklas la. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite
sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |