Glencoe Health © 2007Chapter 10:
Skills for Healthy RelationshipsChapit 10 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye relasyon kounye a. Paske entè-aksyon
avèk moun se yon pati ki enpòtan ak nesesè nan lavi ak
devlopman pèsonèl, pitit gason ou oswa pitit fi ou ap egzamine
dinamik entè-aksyon sosyal yo. Pitit adolesan ou ap etidye relasyon
avèk manm fanmi, zanmi ak kondisip, epi l ap idantifye kalite ak aspè karaktè ki
sipòte entè-aksyon ki bon pou lasante. Men sijè ki pral diskite nan chapit sa a: - Kreyasyon Relasyon ki bon pou Lasante.
- Kominikasyon avèk Rannman.
- Rezoud Konfli.
Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa,
pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa
yo: Mande pitit ou pou li prezante diferan kalite relasyon kote chak moun ap
jwe yon wòl, ki konsantre sou relasyon zanmi, fanmi ak kominote. Mande
pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li eksplike ou fason relasyon sa yo enfliyanse
lavi toulejou li. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike aspè karaktè y
ap chèche nan zanmi yo epi pou li eksplike fason aspè sa yo enpòtan
pou relasyon ki bon pou lasante. Fè li reflechi sou aspè karaktè pozitif
li pote nan yon relasyon. Diskite sou wòl estil kominikasyon yo nan
kreyasyon ak antretyen relasyon an. Imajine diferan estil kominikasyon,
metòd pasif opoze, metòd agresif ak metòd ki asire. Fè yon
jed-wòl sanblab avèk ladrès pou tande. Prezante
divès kalite sitiyasyon konfli entè-pèsonèl ba
pitit adolesan ou epi mande li pou li eksplike kouman teknik rezolisyon konfli
ka itilize pou rezoud chak dezagreman nan satisfaksyon tout moun. Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou devlope
ak antreteni relasyon pozitif. Mèsi pou sipò ou bay nan travay
k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite
sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |