Glencoe Health © 2007

Chapter 17: Digestive and Urinary Systems

Chapit 17 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye kounye a sistèm dijestif ak sistèm irinè, de (2) sistèm kò a ki responsab transfòmasyon ak absòpsyon manje ak ekspilsyon dechè kò a. Pitit gason ou oswa pitit fi ou ap aprann efè konpòtman ki bon pou lasante sou sistèm dijestif ak sistèm irinè, epitou l ap aprann pwoblèm dijestif ak irinè ak prevansyon maladi.

Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a:

  • Sistèm Dijestif la.
  • Swen ak Pwoblèm Sistèm Dijestif la.
  • Sistèm Irinè a.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande li pou li bay yon apèsi sou kò imen an epi pou li eksplike pwosesis dijesyon an. Diskite sou fason yon rejim alimantè ki bon pou lasante ap ede dijesyon an epi diminye pwoblèm dijestif yo. Mande pitit adolesan ou pou li idantifye estrikti ak fonksyon sistèm irinè a epi pou li dekri konpòtman ki bon pou lasante k ap ede li fonksyone. Pale avèk pitit adolesan ou sou divès pwendvi konsènan donasyon ògàn. Mande pitit adolosan ou pou li fè rechèch sou kalite ògàn ki ka transplante, avèk tou ren ak fwa (pati sistèm irinè a), lojik pou fonsyònman sa yo ak siksè yo.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit gason ou oswa pitit fi ou vin okouran avantaj chwa ki bon pou lasante ak efè yo sou sistèm kò a. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe