Glencoe Health © 2007Chapter 18:
Endocrine and Reproductive SystemsChapit 18 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Pandan pitit gason ou oswa pitit fi ou ap travay nan ane adolesans li pou
li vin gen matirite, gen yon kanttie chanjman fizik ak emosyonèl k ap
fèt. Chapit sou lasante sa a ap etidye wòl sistèm andokrinyen
an jwen nan kontwòl sekresyon òmòn, fason li afekte lasante
ak fason li deklanche chanjman nan kò pandan adolesans lan. Chapit
la ap etidye tou analiz sistèm repwodiktif gason ak fanm, avèk
tou enfòmasyon sou antretyen anatomik ak medikal. Elèv yo ap
aprann pwoblèm medikal konsènan sistèm repwodiktif yo,
enpòtans premye sentòm avètisman yo ak deteksyon yo, epi
metòd swen prevantif yo. Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a : - Sistèm Andokrin nan.
- Sistèm Repwodiktif Gason.
- Sistèm Repwodiktif Fanm.
Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa,
pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa
yo: Mande pitit ou pou li eksplike fason sistèm andokrin nan fonksyone
ak fason li afekte chanjman nan kò a pandan adolesans. Diskite
avèk pitit adolesan ou sou nenpòt kesyon oswa enkyetid li ka
genyen sou bon jan swen medikal sistèm repwodiktif li. Mande pitit
gason ou oswa pitit fi ou pou li dekri metòd pou oto-egzaminasyon pou
swa yon egzamen nan tete swa yon egzaman nan testikil li. Diskite avèk
pitit adolesan ou sou wòl abstinans jwe nan prevansyon maladi moun pran
nan rapò seksyèl. Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit gason ou oswa
pitit fi ou devlope ak antreteni atitid ak abitid ki bon pou lasante pandan
l ap kontinye vin gen matirite. Mèsi pou sipò ou bay nan travay
k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite
sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |