Glencoe Health © 2007Chapter 22:
AlcoholChapit 22 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Anvan adolesan ameriken yo fini nan lekòl segondè, yo fè fas
souvan avèk desizyon konsènan si pou yo bwè bwason alolize
oswa si pou yo pa bwè. Desizyon sa a vini nan laj lè anpil
adolesan sansib a imaj konsomasyon alkòl ki prezante nan sinema, televizyon
oswa piblisite ak imaj lòt adolesan yo prezante tou. Pou rezon
sa a, li enpòtan pou yo gen enfòmasyon egzat konsènan
alkòl. Nan chapit sa a, n ap fè rechèch sou alkòl,
konsekans itilizasyon alkòl pou moun ak sosyete a, ak avantaj ki genyen
lè yon ap viv san li pa bwè alkòl. Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a: - Chwazi pou viv San Alkòl.
- Efè Nuizib Itilizasyon Alkòl.
- Alkòl, Moun ak Sosyete a.
Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa,
pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa
yo: Jwen ekzanp piblisite pou alkòl nan magazin oswa nan lòt
medya alekri ou gen lakay ou, oswa diskite sou ti anons pou bwason alkolize
ou wè nan televizyon ak nan pano afichaj. Mande pitit ou kouman ajans
piblisite yo ap chèche prezante alkòl. Kouman imaj sa yo prezante
deskripsyon konsomasyon alkòl ki pa reyèl? Ede pitit adolesan
ou fè rechèch sou kèk òganizasyon ki ofri tretman
pou depandans pou alkòl, pou moun ki depandan de alkòl la ak
pou fanmi moun nan. Anvizaje itilizasyon Entènèt, bibliyotèk
ak anyè telefòn pou jwenn kote resous sa yo ye. Avèk
pitit adolesan ou, fè rechèch sou poisblite pou anwole nan SADD
(Elèv Kont Desizyon Destriktif) oswa pou etabli yon chapit SADD nan
lekòl pitit adolesan ou si pa gen youn ki egziste deja. Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann
ak pratike konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou
bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou
ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |