Glencoe Health © 2007

Chapter 23: Medicines and Drugs

Chapit 23 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Plis pase nenpòt sijè n ap etidye, dwòg gen yon efè negatif sou sosyete a. Yon kote, anpil kantite vi sove chak ane gras ak medikaman modèn. Yon lòt kote, yo estime Ameriken yo depanse plis pase sis (6) bilyon dola chak ane sou dwòg ilegal, sa ki lakòz konsekans pèsonèl grav ak depans anpil santèn bilyon dola nan djòb ki pèdi, nan swen medikal ak nan depans legal. Lè pitit adolesan ou etidye matyè ki nan chapit sa a, l ap vin gen konesans ki ka ede li chwazi yon lavi san dwòg.

Men sijè ki pral diskite nan chapit sa a:

  • Wòl Medikaman yo.
  • Itilizasyon Dwòg—Yon Konpòtman ki gen Gwo Risk.
  • Mariwana, Inalan ak Estewoyid.
  • Dwòg Siko-Aktif.
  • Mòdvi San Dwòg.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Diskite avèk pitit adolesan ou sou nenpòt kesyon oswa enkyetid li ka genyen sou prezans dwòg nan lekòl la ak nan kominote a. Poze pitit adolesan ou kesyon sou objektif alontèm li epi diskite sou fason ki fè itilizasyon dwòg ap nuizib pou reyalizasyon objektif sa yo. Itilize anyè telefòn nan oswa Entènèt pou chèche kote resous yo ye nan kominote a pou trete moun ki itilize dwòg. Ankouraje pitit adolesan ou pou li diskite sou rezon ki fè kèk adolesan santi yo gen obligasyon pou eseye dwòg. Diskite sou metòd pou reziste kont presyon kondisip yo. Fè pitit adolesan ou konnen estrateji pou ede li defann dwa li nan yon anviwònman san dwòg.

Lè ou montre avantaj pou rete san dwòg, mwen swete nou ka travay ansanm pou kreye yon lekòl ak yon kominote pi asire ak pi fò. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe