Glencoe Health © 2007Chapter 25:
Sexually Transmitted Infections and HIV/AIDSChapit 25 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Sijè maladi moun pran nan rapò sèksyèl se yon
maty’ konesans serye ak enpòtan pou adolesan yo. Yon estimasyon
10,000 jenn moun enfekte chak jou. Yon estimasyon 65 milyon Ameriken ap viv
avèk yon maladi enkirab moun ka pran nan rapò seksyèl.
Maladi moun ka pran nan rapò seksyèl, avèk VIH/SIDA tou,
se sijè regilye klas pitit adolesan ou sou lasante. Pitit gason ou oswa
pitit fi ou ap aprann maladi komen moun pran ka nan rapò seksyèl,
sentòm maladi yo, tretman yo ak fason moun ka evite yo atravè abstinans. Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a : - Risk STI (maladi moun ka pran nan rapò seksyèl) yo.
- STI Komen yo.
- VIH ak SIDA.
- Tretman pou VIH ak SIDA.
Patisipasyon ou enpòtan nan edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.
Pou sipòte travay salklas nou, tanpri pratike youn oswa plizyè nan
aktivite sa yo avèk pitit adolesan ou: Diskite sou pwoblèm ki
ka genyen akòz kontak seksyèl epi diskite sou maladi kontajye
moun ka pran nan rapò seksyèl. Diskite avèk pitit adolesan
ou sou wòl abstinans jwe nan prevansyon maladi moun pran nan rapò seksyèl. Pale
sou sentòm komen STD yo (Maladi Moun ka Pran nan Rapò Seksyèl)
epi pale avèk pitit fi ou oswa pitit gason ou sou sa ki ta dwe fèt
si yon adolesan kwè li enfekte. Diskite sou epidemi VIH/SIDA
avèk pitit adolesan ou epi egzamine relasyon ki genyen ant konpòtman
seksyèl ak risk enfeksyon. Planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit gason ou oswa pitit fi
ou devlope yon konpreyansyon enpòtans ak pratik abstinans. Mèsi
pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite
kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |