Glencoe Health © 2007

Chapter 5: Nutrition and Your Health

Chapit 5 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Bon jan nitritsyon espesyalman enpòtan pandan ane adolesans yo, men etid yo pwouve jenn adilt yo pa t janm konsome kalori vid konsan. Adolesan jodi a manje apeprè 150 kalori anplis chak jou nan amiz-gèl pase sa yo te konn manje depi 20 tan. Kidonk, yon adolesan nòmal konsome apeprè 25 pousan kalori ant repa yo chak jou avèk lajan li gen pou depanse. Avèk ritm obezite (twò gwo) ki de (2) fwa pase sa li te ye depi de (2) dekad (peryòd 10 zan), li enpòtan pou adolesan yo byen konnen manje y ap manje yo. Klas lasante pitit adolesan ou konsantre kounye a sou nitrisyon ak manje ki bon pou lasante.

Men sijè pitit adolesan ou pral etidye nan chapit sa a:

  • Nitrisyon Pandan Ane Adolesans yo.
  • Eleman Nitritif.
  • Konsèy pou Manje ki bon pou lasante.
  • Manje ak Mòdvi ki bon pou lasante.

Angajman ou ak patisipasyon ou enpòtan nan edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Pou sipòte travay salklas nou, tanpri pratike youn oswa plizyè nan aktivite sa yo avèk pitit adolesan ou: Diskite enpòtans yon bon jan nitrisyon. Mande pitit adolesan ou pou li egzamine rejim alimantè jounalye li. Ede pitit adolesan ou note manje li konsome pandan kèk jou epi anilize rezilta yo. Anvizaje lòt chwa epi ankouraje pitit adolesan ou pou li fè chanjman, adopte chwa ki kreye yon rejim alimantè ki pi ekilibre epi ki bon pou lasante. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike faktè ki enfliyanse chwa manje li fè yo. Mande pitit adolesan ou pou li akonpaye ou nan episri. Fè li rekòmande kalite manje ki nesesè pou yon bon jan nitrisyon. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike chwa manje li fè yo.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann ak pratike konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap san salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe