Glencoe Health © 2007

Chapter 6: Managing Weight and Body Composition

Chapit 6 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Twò gwo oswa mèg reprezante yon enkyetid pou anpil adolesan. Men tou, gwosè kò a plis pase yon kesyon aparans; pwosesis pou ajoute oswa pou pèdi pwa (diminye gwosè) ka lakòz risk medikal. Chapit klas lasante pitit adolesan ou baze sou relasyon ant konpozisyon kò a, rejim alimantè, kilti fizik ak lasante.

Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a:

  • Antretyen yon Gwosè ki bon pou lasante.
  • Rejim Alimantè Pòp ak Twoub Alimantè.
  • Nitrisyon pou Bezwen Endividyèl.

Angajman ou ak patisipasyon ou enpòtan nan edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Pou sipòte travay salklas nou, tanpri pratike omwen youn nan aktivite sa yo avèk pitit adolesan ou: Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li kalkile Endis Mas Kò li epi pou li eksplike sa siyifikasyon chif sa a. Answit, mande pitit adolesan ou pou li diskite sou fason li santi li konsènan pwa kò li (gwosè li). Si pwendvi a defòme, ede pitit ou evalye kalite kò liavèk objektivite. Si pitit ou gen yon pwoblèm gwosè, ede li chèche yon bon jan konsèy pwofesyonèl. Diskite avèk pitit adolesan ou sou enfliyans piblisite genyen nan prezantasyon kalite kò enposib kòm imaj ki ideyal. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike koneksyon ant pwa kò a ak konsomasyon kalori/ranman tèmik. Fè pitit adolesan ou egzamine chwa manje li, espesyalman nan amiz-gèl, ak kantite tan li pase nan fè egzèsis. Travay ansanm pou kreye yon plan avèk ekilib konsomasyon kalori apwopriye/rannman tèmik ak aktivite fizik.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann ak pratike konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe