Glencoe Health © 2007

Chapter 11: Family Relationships

Chapit 11 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Sou dènye senkant (50) ane yo, estrikti fanmi ameriken an chanje anpil. Estatistik, tankou ogmantasyon kay ki gen sèl paran ak ogmantasyon mwayèn laj premye maryaj yo endike evolisyon san rete sa a. Men tou, fanmi an rete inite debaz sosyete a ak youn nan pi enpòtan aspè lavi yon moun. Nan chapit sa a, n ap etidye estrikti fanmi ak fason li afekte sante fizik, mantal/emosyonèl ak sosyal manm fanmi an.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Wòl Fanmi an.
  • Chanjman ak Fanmi an.
  • Fè Fas avèk Kriz nan Fanmi.
  • Sistèm Sipò Kominote.


Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Ankouraje pitit adolesan ou pou li fè antrevi avèk manm fanmi diferan jenerasyon sou wòl fanmi an jwe nan lavi yo. Diskite sou resanblans ak diferans nan repons jenerasyon diferan yo. Si sa posib, ankouraje pitit adolesan ou fè yon ti pale avèk yon moun ki te yon manm fanmi pandan Great Depression (peryòd Gran Depresyon). Anvizaje pou swiv youn oswa de (2) emisyon televizyon ki popilè avèk pitit adolesan ou epi diskite kouman emisyon yo prezante fanmi yo. Mande pitit adolesan ou pou li dekri kèk fason jounalye ki fè yon manm fanmi ka ankouraje ak sipòte yon lòt manm fanmi an.

Mwen swete pou aktivite sa yo montre itilite yo nan konpleman aktivite yo ak nan lekti sa ki nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe