Glencoe Health © 2007

Chapter 12: Peer Relationships

Chapit 12 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas pitit adolesan ou sou lasante konsantre kounye a sou relasyon avèk kondisip. Pandan ane adolesans yo, timoun yo kòmanse depann pi plis sou zanmi pou ba yo konsèy ak konfimasyon. Pandan depandans adolesan ap chanje ant paran ak kondisip, li enpòtan pou adolesan yo kòmanse devlope yon konpreyasyon dinamik relasyon ki gen plis matirite. Nan klas lasante a, pitit gason ou oswa pitit fi ou ap aprann relasyon avèk kondisip.
.
Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Relasyon Sennesof ki Bon Pou Lasante.
  • Presyon Kondisip ak Ladrès pou Di Non.
  • Limit nan Afè Mennaj ak nan Antouraj.
  • Abstinans: Yon Desizyon Responsab.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit ou pou li idantifye twa (3) kalite relasyon zanmi. Fè li endike yon moun ki gen chak kalite relasyon zanmi avèk li. Answit, mete pitit adolesan ou okouran enfòmasyon ki sanble ak pa li yo. Diskite avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou ka espesyal yo lè presyon kondisip ka egzèse sou li. Pale sou fason presyon an ka aplike ak metòd pou di non kont presyon an. Diskite avèk pitit adolesan ou sou bezwen ki nesesè pou mete limit nan randevou yo. Pale sou estrateji sitiyayson k ap ede li evite konpòtman ki riske. Diskite avèk pitit adolesan ou sou konsekans moral, legal, fizik ak chanjman posib k ap gen lavi li nan aktivite seksyèl anvan maryaj. Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li eksplike avantaj ki gen nan abstinans.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou devlope ak antreteni relasyon pozitif avèk kondisip epi pou li chwa ki bon pou lasante lè l ap fè mennaj. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe