Glencoe Health © 2007Chapter 13:
Violence PreventionChapit 13 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye pevansyon vyolans kounye a. Adolesan
pi fasil viktim nan vyolans pase adilt yo. Omisid se dezyèm kòz
lanmò pami adolesan yo. Nan chapit sa a, pitit gason ou oswa pitit fi
ou ap aprann estrateji pou sekirite pèsonèl li, sekirite li nan
kay, sekirite li nan lekòl ak sekirite li nan kominote a. Pitit adolesan
ou ap aprann faktè ki jwe yon wòl nan vyolans nan lekòl,
tankou nan move tretman, asèlman seksyèl ak gang. L ap etidye
fason pou diminye risk vyolans, avèk tou aprantisaj pou li rekonèt
siy ki avèti vyolans lan. N ap egzamine kòz ak efè vyolans
lan ansanm ak diferan kalite vyolans ak abi. Chapit la fini avèk fason
pou gen laviktwa sou abi ak kote pou ale pou jwenn èd. Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a : - Sekirite Pèsonèl.
- Fè Lekòl yo Rete an Sekirite.
- Pwoteksyon Pèsonèl kont Vyolans.
- Prevansyon ak Metriz Abi.
Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa,
pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa
yo: Fè rechèch ak diskite sou pwogram anti-vyolans ak règleman
ki nan lekòl li. Revize pwosedi ou gen nan kay la pou fè kay
ou rete an sekirite, epitou revize prekosyon pitit gason ou oswa pitit fi ou
ta dwe pran pou li evite sitiyasyon riske ak pou li devlope abitid pou li gen
sekirite. Mande pitit adolesan ou si li te janm yon viktim nenpòt
kalite vyolans oswa si li te janm pratike nenpòt kalite vyolans. Mande
pitit ou pou li eksplike kisa ki ta dwe fè si li ta temwen nenpòt
vyolans oswa abi. Si pitit gason ou oswa pitit fi ou nan yon relasyon mennaj,
mande li si relasyon se yon relasyon ki bon pou lasante. Diskite sou siy relasyon
gwosye, epi ankouraje pitit adolesan ou diskite sou nenpòt pwoblèm
avèk ou oswa avèk yon adilt li fè konfyans. Chèche
anpil bon lide pou evite li vin yon viktim kadejak moun li konnen, tankou pou
li ta evite sitiyasyon riske ak alkòl ak lòt dwòg. Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap itil pou pwoteksyon pitit
gason ou oswa pitit fi ou kont nenpòt kalite vyolans ak abi. Pa ezite
kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |