Glencoe Health © 2007

Chapter 15: Skeletal, Muscular, and Nervous Systems

Chapit 15 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye twa (3) sistèm kò kounye a: sistèm zo, sistèm miskilè ak sistèm nève. De (2) kle pou gen bon sante se yon konesans sou fason sistèm kò yo fonksyone ak konpreyansyon fason ki fè risk medikal asosye yo ka minimize. Nan klas lasante a, n ap egzamine estrikti ak fonksyon chak nan twa (3) sistèm kò sa yo.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Sistèm Zo.
  • Swen ak Pwoblèm Sistèm Zo a.
  • Sistèm Miskilè a.
  • Sistèm Nève a.
  • Swen ak Pwoblèm Sistèm Nève a.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Fè pitit adolesan ou fè yon grafik sou twa (3) jou pou li reprezante tan li pase nan aktivite lakay li, tankou gade televizyon oswa itilize òdinatè a, ak tan li pase nan aktivite fizik. Diskite sou enpòtans bon jan egzèsis pou antreteni sistèm zo a ak sistèm miskilè a. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike sa osteyopowoz (pèt tisi zo yo ofi-amezi) la ye. Diskite sou wòl rejim alimantè pou diminye risk devlopman maladi. Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li eksplike sekans nève ki enplike lè yon moun touche yon objè. Diskite sou gravite blesi nan tèt ak nan kou ak enpòtans pou mete pwoteksyon pou tèt la lè l ap patisipe nan divès kalite aktivite fizik. Diskite sou danje pou gen domaj pèmanan nan seli nève a akòz itilizasyon alkòl ak dwòg.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou devlope ak antreteni abitid sante pèsonèl ki pozitif. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou lasante pitit adolesan ou.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe