Glencoe Health © 2007Chapter 16:
Cardiovascular and Respiratory SystemsChapit 16 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye kounye a sistèm kadyo-vaskilè ak
sistèm respiratwa. Yon objektif enpòtan nan chapit sa a se pou
elèv yo konprann fason konpòtman ki bon pou lasante yo afekte
sistèm sa yo. Pitit adolesan ou ap aprann estrikti, fonksyon ak twoub
sistèm kadyo-vaskilè a, sistèm lenfatik la ak sistèm
respiratwa a. Pitit gason ou oswa pitit fi ou ap analize relasyon ki genyen
ant abitid ki bon pou lasante ak prevansyon maladi kadyo-vaskilè ak
respiratwa. Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a : - Sistèm Kadyo-vaskilè a.
- Swen ak Pwoblèm Sistèm Kadyo-Vaskilè a.
- Sistèm Respiratwa a.
- Swen ak Pwoblèm Sistèm Sistèm Respiratwa a.
Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa,
pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa
yo: Diskite sou nenpòt pwoblèm kadyo-vaskilè oswa maladi
manm fanmi an te genyen epitou diskite sou prevansyon, sentòm, swen
ak tretman maladi sa yo. Revize abitid ki bon pou lasante pitit adolesan ou
bezwen pratike pou ede li diminye faktè risk ki asosye avèk pwoblèm
kadyo-vaskilè yo. Diskite avèk pitit gason ou oswa pitit
fi ou sou nenpòt pwoblèm kadyo-vaskilè oswa maladi manm
fanmi an te genyen epitou diskite sou prevansyon, sentòm, swen ak tretman
maladi sa yo. Diskite sou danje ki genyen nan fimen. Mande li si nenpòt
nan zanmi (kondisip) li yo fimen epi, si zanmi li yo fimen, pale avèk
li sou fason pou li reziste kont presyon kondisip li. Si pitit adolesan ou
fimen deja, diskite avèk li sou metòd pou kite k ap fonksyone
pi byen pou li. Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann
sistèm kadyo-vaskilè a ak sistèm respiratwa a ak fason
pou konsève yo an sante. Mèsi pou sipò ou bay nan travay
k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite
sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |