Glencoe Health © 2007Chapter 19:
Prenatal Development and BirthChapit 19 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye kounye a kòmansman sik
lavi imen. Pitit adolesan ou ap egzamine lavi imen, depi konsepsyon
ak fekondasyon jouk nan premye anfans ak anfans. L ap aprann eredite
ak jenetik tou ak ki wòl yo jwen nan devlopman fetis la. Pitit
gason ou oswa pitit fi ou ap aprann tou enpòtans swen anvan akouchman. Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a: - Kòmansman Sik Lavi Imen.
- Swen Anvan Akouchman.
- Eredite ak Jenetik.
- Premye Anfans ak Anfans.
Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa,
pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa
yo: Mande pitit ou pou li eksplike estap devlopman fetis. Diskite sou
danje ki genyen nan itilizasyon alkòl, tabak oswa lòt dwòg
pandan gwosès. Fè pitit gason ou oswa pitit fi ou remake
karakteristik fanmi, tankou wotè, koulè cheve ak koulè zye,
epi mande li pou li eskplike kouman karakteristik sa yo transmèt. Fè pitit
adolesan ou eksplike etap devlopmantal ak travay anfans lan lè li konsidere
timoun ki nan katye a kòm egzanp. Devwale istwa ki sòti nan anfans
pitit gason ou oswa pitit fi ou pou eklèsi etap sa yo. Diskite
avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou enpòtans egzamen medikal
depistaj pou timoun. Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann
konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou bay
nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta
vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |