Glencoe Health © 2007

Chapter 2: Building Health Skills and Character

Chapit 2 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Youn nan kle pou fòme ak konsève ladrès medikal ak karaktè se devlopman ladrès nan kominikasyon. Paske entè-aksyon imen baze sou echanj panse, santiman ak konviksyon, yon konpreyansyon valè pèsonèl gen anpil enpòtans. Sa a vre espessyalman pou jenn adolesan k ap devlope yon konsyans pèsonèl epi k ap adapte yo pou demann sosyete a. Klas sante pitit adolesan ou ap egzamine ladrès nan lavi k ap ede li prepare pou endepandans ak matirite.

Men sijè pitit adolesan ou pral etidye nan chapit sa a:

  • Fòmasyon ladrès nan Lasante.
  • Pran Desizyon Responsab epi Etabli Objektif.
  • Fòmasyon Karaktè.

Tanpri ranfòse travay sal klas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li eksplike ou fason li itilize ladrès pou li di non lè li anfans presyon kondisip klas li. Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li site kèk objektif akoutèm ak alontèm epi pou li eksplike ki etap l ap pran pou li reyalize objektif sa yo. Mande pitit adolesan ou pou li idantifye yon kantite bon aspè karaktè epi fè li di ou pou kisa yo gen enpòtans espesyal. Diskite avèk pitit adolesan ou sou konsèp pou yon wòl modèl. Ki moun li admire?

Devlopman ladrès pozitif nan lasante se yon pwojè avi. Si tout bagay pase byen, nou ka travay ansanm pou ede pitit adolesan ou konprann wòl karaktè a jwe nan chwazi sa ki bon pou lasante nan lavi li. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas la. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou etid medikal pitit adolesan ou.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe