Glencoe Health © 2007

Chapter 20: Adolescence and the Life Cycle

Chapit 20 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas pitit adolesan ou sou lasante ap etidye kounye konpleksite adolesans. Moman twouble sa a se yon peryòd devlopman fizik, mantal/emosyonèl ak sosyal. Pitit gason ou oswa pitit fi ou ap egzamine chak aspè devlopman ak chanjman nan adolesans. Pitit adolesan ou ap aprann tou pwosesis ki fè yon adolesan pwogrese pou li vin gen matirite fizik ak emosyonèl.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Adolesans—Konpreyansyon Devlopman ak Chanjman.
  • Avansman nan Laj Adilt.
  • Maryaj ak Edikasyon Timoun.
  • Lasante Pandan Diredvi.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit ou pou li eksplike chanjman fizik ak emosyonèl li genyen kòm yon adolesan. Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li fè yon lis konsèy li ka transmèt ba yon moun ki fèk kòmanse tranzisyon ant laj premye anfans ak adolesans. Diskite avèk pitit adolesan ou sou konsekans aktivite seksyèl nan laj adolesan. Ranfòse enpòtans abstinans epi mande pitit adolesan ou pou li eksplike avantaj ki genyen lè li chwazi abstinans anvan maryaj. Pale avèk pitit adolesan ou konsènan eleman debaz yon maryaj ki gen siksè. Diskite sou responsablite paran ak wòl manm fanmi yo nan pwomosyon yon fanmi ki an sante.

Tanpri planifye lòt aktivite k ap ede pitit gason ou oswa pitit fi ou konprann sa adolesans lan ye. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe