Glencoe Health © 2007Chapter 26:
Noncommunicable Diseases and DisabilitiesChapter 26 Parent Letter and ActivitiesChè Paran oswa Responsab, Pou Ameriken tout laj, maladi kè ak kansè rete kòz prensipal
lanmò, sa ki reprezante plis pase 50 pousan tout lanmò yo. Anplis,
maladi dyabèt vin yon gwo enkyetid. Maladi dyabèt tip 2 reprezante
plis pase 90 pousan tout ka maladi sa a. Pwopòsyon prèske epidemik
dyabèt tip 2 egziste akòz frekans obezite ak mòdvi san
egzèsis. Nan chapit sa a, n ap egzamine maladi ki pa kontajye pou nou
ka aprann fason pou diminye faktè risk ki asosye avèk maladi
sa yo. Men sijè ki pral diskite nan chapit sa a: - Maladi Kadyo-vaskilè.
- Kansè.
- Alèji, Las, Dyabèt ak Atrit.
- Pwoblèm Fizik ak Mantal.
Tanpri ranfòse travay sal klas nou. Pou fè sa, pale avèk
pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Diskite
sou istwa medikal fanmi ou avèk pitit adolesan ou. Chèche modèl
maladi ki kontajye. Ensiste sou anpil maladi non-kontajye ki ka evite oswa
trete avèk efikasite; yon ogmantasyon konesans sou istwa medikal fanmi
an ka ede fòme konpòtman ki ka diminye risk pou pran maladi sa
yo. Diskite sou faktè ki ka kontwole yo, tankou nitrisyon, egzèsis
ak abstinans nan dwòg ak tabak, sa k ap ede pitit adolesan ou diminye
risk pou li pran maladi kansè oswa maladi kè. Chèche
anpil lide sou estrateji pou devlopman ak antretyen konpòtman ki bon
pou lasante. Mande pitit adolesan ou pou li eksplike kouman reyaksyon
sistèm iminitè lakòz alèji, las ak sèten
kalite dyabèt. Jwenn Air Quality Index (Endis Kalite Lè)
nan seksyon metewolojik jounal lokal ou, epi ede pitit adolesan ou konprann
siyifikasyon endis la ak fason move kalite lè afekte moun ki soufri
las oswa lòt kondisyon respirasyon. Pale avèk pitit adolesan
ou sou kalite defi moun jwenn avèk twoub fizik oswa mantal. Ede piti
adolesan ou fè rechèch sou nenpòt chanjman gouvènman
leta oswa lokal kote w ap viv la fè pou konfòme li avèk Americains
with Disabilities Act of 1990 (Lwa 1990 sou Ameriken ki Andikanpe). Mwen swete konesans pitit adolesan ou pran pandan egzaminasyon maladi non-kontajye
yo ap ede li pran desiyzon ki bon pou sante li. Mèsi pou sipò ou
bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou
ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |