Glencoe Health © 2007Chapter 29:
Environmental HealthChapit 29 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Klas pitit adolesan ou sou lasante konsantre sou enkyetid pou polisyon lè,
dlo ak tè Ogmantasyon nan popilasyon ak endistri mondyal la kontinye
gen yon enpak negatif sou anviwònman an. Pwoblèm polisyon ki
asosye avèk lè, dlo ak tè, efè akoutèm
ak efè alontèm yo sou lavi fè sijè tounen yon afè serye.
Pitit adolesan ou ap aprann kòz polisyon lè, tè ak dlo
epi l ap egzamine estrateji posib pou diminye polisyon an. Piti gason ou oswa
pitit fi ou ap etidye tou konsèvasyon resous, pre-sik ak resiklaj nan
yon efò pou pwoteje anviwònman an ak pou pwoteje sante. Men sijè ki pral etidye nan chapit sa a: - Kalite Lè.
- Pwoteksyon Tè ak Dlo.
- Rekòmandasyon pou yon Anviwònman ki Bon pou Lasante.
Tanpri ranfòse travay sal klas nou. Pou fè sa, pale avèk
pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Diskite
avèk pitit adolesan ou sou sous prensipal polisyon lè, tè ak
dlo. Diskite sou konsekans alontèm polisyon k ap fèt san rete.
Fè pitit adolesan ou konnen estrateji pou diminye polisyon. Mande
pitit adolesan ou pou li eksplike konsèp ak avantaj pre-sik ak resiklaj. Èske
fanmi ou patisipe nan pwoblèm polisyon an oswa èske li ede diminye
polisyon an? Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li alatèt
yon diskisyon familyal sou metòd kay la ta dwe itilize pou konsèvasyon
resous natirèl. Ajoute obsèvasyon sou chofaj ak refwadisman,
dlo, epi ekleraj ak aparèy elektwo-menaje yo (enèji). Chèche
anpil lide sou fason pou konsève resous yo. Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit gason ou oswa
pitit fi ou aprann respekte ak pwoteje anviwònman mondyal la. Mèsi
pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite
kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |