Glencoe Health © 2007

Chapter 3: Being a Health-Literate Consumer

Chapit 3 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,
Klas sou lasante pitit adolesan ou ap montre kounye a fason pou vin konsomatè ki enfòme sou lasante. Sa konsène aprantisaj pou fè chwa konsomatè rezonab konsènan pwodui ak sèvis medikal, epi fason pou pwoteje yo kont fwod. Y ap aprann tou sou biwo piblik lasante yo ak wòl yo jwen nan prevansyon maladi ak pwomosyon lasante.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo:

  • Fè Chwa Konsomatè.
  • Chwazi Sèvis Medikal nan Kominote a.
  • Jere Pwoblèm Konsomatè.
  • Konprann Sèvis Medikal Piblik yo.


Tanpri ranfòse travay sal klas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit adolesan ou pou li eksplike ou fason piblisite afekte chwa konsomatè sou pwodui medikal yo. Fè pitit adolesan ou eksplike ou diferan kalite asirans medikal ki disponib ak eleman ki nan chak chwa. Diskite avèk pitit adolesan ou sou sa ki pou fèt sizoka gen yon ijans medikal nan fanmi an. Pale avèk pitit adolesan ou sou diferan fwod nan pwodui ak sèvis medikal ak sa ki ka fèt si li menm oswa yon lòt moun li konnen se viktim youn oswa lòt. Diskite avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou wòl biwo sante piblik yo jwe.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann ak pratike konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante pi devan.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe