Glencoe Health © 2007

Chapter 9: Mental and Emotional Problems

Chapit 9 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Sijè klas pitit adolesan ou sou lasantre konsantre sou pwoblèm mantal ak emosyonèl. Tankou ou ka okouran, timoun ak adolesan fè eksperyans depresyon ak lòt twoub emosyonèl. Apeprè youn sou senk (5) timoun ak adolesan gen siy ak sentòm twoub emosyonèl pandan ane a, Pitit gason ou oswa piti fi ou ap aprann kalite twoub mantal, sentòm ak tretman twoub mantal sa yo.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Twoub Mantal.
  • Prevansyon Suisid.
  • Jwenn Èd.
  • Konprann Lanmò ak Chagren.

Patisipasyon ou enpòtan nan edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Pou sipòte travay salklas nou, tanpri pratike youn oswa plizyè nan aktivite sa yo avèk pitit adolesan ou: Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li defini twoub mantal epi pou li endike sentòm twoub mantal komen yo. Mande li ki diferans ki genyen ant twoub mantal ak sansasyon depresyon, enkyetid ak kòlè akoutèm. Ki kèk nan siy avètisman moun manifeste lè yo gen twoub pou sipòte pwoblèm emosyonèl ak mantal. Fè pitit adolesan dekri estrateji li pou li fè fas avèk gwo sitiyasyon estrès. Diskite sou lòt chwa swen sante mantal pwofesyonèl estrateji sa yo ta dwe pwouve lè l ap fè fas avèk sitiaysyon espesyal.

Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit gason ou oswa pitit fi ou devlope yon atitid reflechi ak pozitif nan zafè kesyon sante mantal. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe