Glencoe Health © 2007Chapter 24:
Communicable DiseasesChapit 24 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Etid pitit adolesan ou sou lasante konsantre kounye a sou maladi kontajye
ki seyon kòz enpòtan lanmò nan monn lan. Selon Sant
pou Kontwòl Maladi yo, gen plis pase 62 millyon ka rim sèvo Ozetazini
chak ane. Apeprè 84 pousan ka sa yo afekte timoun ki poko gen 17 tan,
sa ki lakòz yon pèt 22 milyon jou nan lekòl. Lò maladi
kontajye ki pi grav, tankou epatit, divès kalite souch viris, tibèkiloz
ak SIDA, rete yon enkyetid ijan pou sante kominote a. Nan klas la, n ap idantifye
kalite patojèn ki lakòz maladi. Anpli, pitit adolesan ou ap aprann
estrateji pou ede li diminye risk pou li pran maladi. Men sijè ki
pral diskite nan chapit sa a: - Kisa Malaji Kontajye Ye?
- Prevansyon Maladi Kontajye.
- Maladi Kontajye Komen.
Patisipasyon ou enpòtan nan edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.
Pou sipòte travay salklas nou, tanpri pratike omwen youn nan aktivite
sa yo avèk pitit adolesan ou: Diskite avèk pitit adolesan
ou sou diferans ki genyen ant yon viris ak bakteri yo. Mande pitit gason ou
oswa pitit fi adolesan ou pou li eksplike rezon ki fè viris yo difisil
espesyalman pou kò a defann li. Enspekte kay ou avèk pitit
adolesan ou. Tcheke twalèt la (yo) pou wè si gen savaon ak sèvyèt
pou ankouraje li lave men li. Diskite sou fason pou pa kite manje ki lakuizin
nan pote maladi. Diskite fason pou diminye chans pou pran maladi. Eksplore
avèk pitit adolesan ou dènye pwogrè ki fèt nan
prevansyon ak gerizon maladi. Aprann plis sou maladi y ap fè rechèch
kounye a pou jwenn gerizon. Tanpri planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit gason ou oswa
pitit fi ou devlope yon konesans sou maladi kontajye. Mèsi pou sipò ou
bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou
ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |