Glencoe Health © 2007

Chapter 28: First Aid and Emergencies

Chapit 28 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Klas piti adolesan ou sou lasante ap etidye kounye premye sekou ak ijans. Saldijans lopital te trete 33,000,000 ka nan lane 2000. Premye sekou debaz ka souvan vle di diferans ant yon blesi modere ak youn ki grav; epi nan kèk ka, premye sekou ki byen administre vle di diferans ant lavi ak lanmò. Elèv yo ap aprann bon jan etap pou ofri premye swen, amonize repons nan sitiyasyon yo. Answit, elèv yo ap diskite sou enpòtans nan premye swen espesyal ak fòmasyon CPR anvan yo aplike youn oswa lòt.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Bay Premye Sekou.
  • CPR ak Premye Sekou pou Chòk ak Sifokasyon.
  • Repons nan Ijans Komen.
  • Tretman pou Anpwazònman.

Tanpri ranfòse travay sal klas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Ba pitit adolesan ou youn oswa de (2) egzanp sitiyayson ijans epi mande li pou li eksplike bon jan repons premye sekou. Mande pitit adolesan ou pou li ontre fason li ta fè avèk yon sitiyasyon sifokasyon. Montre pitit adolesan ou kote pou li estoke atik premye sekou pou ijans. Fè yon lis atik adisyonèl ki ka itil. Mande pitit adolesan ou pou li chèche nimewo telefòn non biwo ki reponn pou ijans yo, pou li kreye yon lis epi pou li mete non biwo sa yo nan kay la selon nimewo telefòn yo. Fè aranjman pou pitit ou gason oswa pitit fi ou pou swiv yon klas fòmasyon sou premye sekou oswa sou CPR.

Tanpri planifye lòt aktivite k ap ede prepare pitit gason ou oswa pitit fi ou aji avèk responsablite ak efikasite nan yon sitiyasyon ijans. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe