Glencoe Health © 2007Chapter 4:
Physical Activity for LifeChapit 4 Lèt pou Paran ak AktiviteChè Paran oswa Responsab, Klas sou lasante pitit adolesan ou konsantre sou koneksyon ant aktivite sante
fizik. Pandan sosyete a vin depandan de teknoloji a ofi-amezi, kantite aktivite
fizik la diminye. Selon Prezidan Council on Physical Fitness (Konsèy
sou Kilti Fizik), prèske mwatye jenn Ameriken ki gen ant 12 ak 21 ane
pa fè aktivite fizik sou yon baz regilye. Kidonk, se sèlman 19
pousan ki fè egzèsis sou yon baz regilye, alòske 14 pousan
pa fè okenn aktivite fizik regilye. Nan klas la, n ap konsantre sou
enpòtans aktivite fizik regilye. Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a : - Aktivite ak Sante Fizik
- Kilti Fizik.
- Planifikasyon yon Pwogram Aktivite Pèsonèl.
- Fòmasyon ak Sekirite pou Aktivite Fizik yo.
- Blesi nan Aktivite Fizik.
Patisipasyon ou enpòtan nan edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.
Pou sipòte travay salklas nou, tanpri diskite omwen youn nan aktivite
sa yo avèk pitit adolesan ou: Diskite sou enpòtans kilti fizik
genyen. Mande pitit adolesan ou pou li egzamine woutin jounalye li konsènan
tan li pase san fè aktivite fizik ak tan li pase nan fè aktivite
fizik. Ede li note tan li pase nan aktivite fizik pandan yon semenn. Ankouraje
pitit adolesan ou pou li adopte chwa pou kreye yon mòdvi ki pi aktif. Mande
pitit adolesan ou pou li dekri eleman kilti fizik yo epi pou li eksplike kouman
chak domèn ka vin pi bon. Ede pitit adolesan ou nan devlopman yon plan
kilti fizik pa semenn avèk eleman kilti fizik yo nan lespri li. Diskite
sou aktivite oswa espò ou ka patisipe ansanm kòm yon fanmi. Tanpri
planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit adolesan ou konprann ak
pratike konsèp ki prezante nan chapit sa a. Mèsi pou sipò ou
bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou
ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Sensèman, Pwofesè Sante |