Glencoe Health © 2007

Chapter 8: Managing Stress and Anxiety

Chapit 8 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Ane adolesans yo se moman ki estresan espesyalman pou paran adolesan yo ak paran yo alafwa. Lè yon moun ap grandi nan laj adilt, sa pote nouvo defi, nouvo demann ak nouvo chwa. Chapit klas pitit adolesan ou sou lasante konsantre sou estrès. Estrès se reyaksyon lide ak kò nan presyon lavi a toulejou. Pitit gason ou oswa pitit fi ou ap aprann idantifye sa ki lakòz estrès, kouman kò a reyaji nan estrès ak metòd li ka itilize pou jere estrès. Elèv yo ap egzamine tou kondisyon enkyetid ak depresyon.

Pitit adolesan ou ap etidye sijè sa yo nan chapit sa a :

  • Efè Estrès la.
  • Kontwole Estrès la.
  • Enkyetid ak Depresyon Adolesan.
  • Vin yon Adolesan ki gen Detèminasyon.

Angajman ou ak patisipasyon ou enpòtan nan edikasyon pitit adolesan ou sou lasante. Pou sipòte travay salklas nou, tanpri pratike youn oswa plizyè nan aktivite sa yo avèk pitit adolesan ou: Mande pitit gason ou oswa pitit fi ou pou li eksplike aspè pozitif ak aspè negatif estrès. Fè pitit ou dekri sous estrès li gen nan lavi li. Devwale li sous estrès ou yo. Diskite sou metòd ki pèmèt konwtole ak diminye sous estrès ou idantifye yo. Ede pitit adolesan ou prepare yon pwogram aktivite li pou semenn lan. Travay ansanm pou idantifye ak rezoud domèn posib estrès yo ki lakòz diskisyon tanzantan. Patisipe avèk pitit gason ou oswa piti fi ou nan aktivite pou diminye estrès—tankou jwe yon espò, pwomnad long oswa gade yon film. Fè yon lis lòt chwa ki pou diminye estrès.

Planifye lòt aktivite ou panse k ap ede pitit gason ou oswa pitit fi ou konprann enpòtans pou aprann fason pou kontwole estrès. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas nou. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe